Ministè Konpasyon Nazareyen (MKN) Ayiti te òganize yon konferans soti 13 pou rive 17 dawou 2018 nan kanpus Legliz nazareyen an Ayiti, wout Frè, Petyonvil.

Konferans sa a te gen devosyon chak maten ak sèvis adorasyon chak swa sou tem “Kisa w genyen nan men w?” an Egzòd 4 : 2 ak atelye sou tem sa yo: Fomasyon sou Repons a dezas, ki te anime pa Brandon Sipes (MKN Entènasyonal); Devlope yon pwojè, ki te anime pa Dhariana Murillo (MKN Mesoamerik); WASH, ki te anime pa Zekarias Asfaw (MKN Entènasyonal) ;  Devlopman kominotè, ki te anime pa Romnal Colas (Tearfund) ; Panse e viv an deyò bwat la, Erè lidè yo fè, ki te anime pa Jules Lesly (HOPE Entènasyonal); Kijan Legliz blese moun l ap ede yo, ki te anime pa Esther Pyram (World Relief);

Chak konferansye te anime fomasyon sou sijè sa li te devlope a nan yon sal ak gwoup patisipan yo. Te gen atelye ki te fèt. Patisipan yo poze kesyon, pataje kòmantè ak eksperyans yo.

Te gen 59 patisipan nan konferans sa a: Direktè rejyonal Mesoamerik, Doktè Carlos Saenz, ki te preche nan sèvis yo ; Reprezantan MKN Mesoamerik ak MKN Entènasyonal ; Sirentandan 12 distri yo ak 2 manb legliz ki nan chak distri ; konferansye yo ; Kòdonatè MKN Ayiti an, David Campos, ak tout ekip la ; Kòdonatè Legliz nazareyen Ayiti, Pierre Antoine Jacques, ak lòt manb ; entèprèt yo.

Objektif konferans la se te fòme lidè distri yo pou yo ka devlope legliz yo ak kominote kote y ap viv la, epi prepare pou dezas.

Lidè sa yo te satisfè de konferans la a, e yo swete gen yon aktivite konsa ankò pou plis moun nan distri yo ka benefisye de li.

Emmanuel Jeannite, Kodònatè Ministè Gwoup Epay, Ministè Konpasyon Nazareyen Ayiti