Lavi kretyen an se yon kous kontinyèl nan pwosesis antrènman disip, kote ke tout nou menm
pran transfòme konfòm ak karaktè Jezikris pa mwayen Sentespri a. Nou tout ki te “fèt yon lòt fwa”
nou bezwen patisipe nan pwosesis fòmasyon sa pou nou kapab rive vin kretyen ki genyen matirite
epi sen nan tout branch nan lavi nou.

Volim sa a ki genyen kòm tit: Lavi ki ranpli ak Sentespri a epi se premye nan yon seri ki genyen
twa volim ki konplete etid de baz yo pou nivo C nan plan antrènman disip ABCDE nan legliz
nazareyen nan Rejyon Mezoamerik la. Seri a pote non: Ranpli ak Lespri a epi dire 9 mwa etid. Chak
liv genyen 13 leson antrènman disip ki santre yo sou nesesite konsolidasyon ak kwasans moun ki
fenk vin fè pati kò manm legliz lokal la.

Leson sa yo te ekri sitou pou antrenè disip yo epi nan fason ke li dwe enstwi nouvo gwoup manm
yo, yon fason pou ansèyman kapab enteresan, dinamik ak aplikab nan lavi yo. Liv sa yo prezante
doktrin ak pratik lavi nan sentete a nan yon langaj ki senp, pratik epi nan menm tan konekte avèk
panse nan mond modèn nan. Lavi ki sen an etidye pandan li santre sou:

  1. Chanjman natirèl ak pwogresif yo ki pwodwi nan kretyen an, kòm rezilta aksyon
    Sentepri a nan lavi li; chanjman ki kapab obsève non sèlman pa limenm, men tou pa tout
    moun ki nan antouraj li yo.
  2. Lavi ki ranpli ak lanmou Bondye kòm kondisyon endispansab pou sèvi Seyè a avèk
    pwochen nou yo.
  3. Transfòmasyon pwogresif ak total nan lavi kretyen an konfòm ak model Jezikris la.

Dezyèm liv sa ki nan seri a: Lespri re-oryante nan Kris la, genyen objektif pou gide kwayan
idantifye kèk aspè peche ki kapab prezan nan fason li panse ak fason ke mond ki antoure li a panse,
pou li kapab abandone yo epi aprann panse kòm Kris la. Chak leson prezante yon nouvo opòtinite
pou ke Bondye kontinye travay ak transfòme lespri, afeksyon ak kalite lavi disip Kris la, pa mwayen
etid ansèyman Biblik, egzanp ak anekdòt, egzèsis otoevalyasyon, refleksyon, pran desizyon ak
etablisman nouvo plan pou kwasans espirityèl.

Se bi priyè mwen pou ke leson sa se ede manm legliz nou yo konprann ak viv estil lavi sen Sovè
JeziKris nou an piplis.

Niveau C du Plan de Formation de Disciples ABCDE


Télécharger
FichierAction
Lavi ki ranpli ak Sentespri a - complete.pdfTélécharger