Lavi kretyen an se yon kous kontinyèl nan pwosesis antrènman disip, kote ke tout nou
menm pran transfòme konfòm ak karaktè Jezikris pa mwayen Sentespri a. Nou tout ki te “fèt
yon lòt fwa” nou bezwen patisipe nan pwosesis fòmasyon sa pou nou kapab rive vin kretyen
ki genyen matirite epi sen nan tout branch nan lavi nou.

Volim sa a ki genyen kòm tit: Lespri Re-oryante nan Kris la epi se dezyèm nan yon
seri ki genyen twa volim ki konplete etid bazik yo pou nivo C nan plan antrènman disip
ABCDE nan legliz nazareyen nan Rejyon Mezoamerik la. Seri a pote non: Ranpli ak Lespri
a epi dire 9 mwa etid. Chak liv genyen 13 leson antrènman disip ki santre yo nan nesesite
konsolidasyon ak kwasans moun ki fenk vin fè pati kò manm legliz lokal la.

Leson sa yo te ekri sitou pou antrenè disip yo epi nan fason ke li dwe enstwi nouvo gwoup
manm yo, yon fason pou ansèyman kapab enteresan, dinamik ak aplikab nan lavi yo. Liv sa
yo prezante doktrin ak pratik lavi nan sentete a nan yon langaj ki senp, pratik epi nan menm
tan konekte avèk panse nan mond modèn nan. Lavi ki sen an etidye pandan li santre sou:

  1. Chanjman natirèl ak pwogresif yo ki pwodwi nan kretyen an, kòm rezilta aksyon
    Sentepri a nan lavi li; chanjman ki kapab obsève non sèlman pa limenm, men tou
    pa tout moun ki nan antouraj li yo.
  2. Lavi ki ranpli ak lanmou Bondye kòm kondisyon endispansab pou sèvi Seyè a
    avèk pwochen nou yo.
  3. Transfòmasyon pwogresif ak total nan lavi kretyen an konfòm ak model Jezikris
    la.

Dezyèm liv sa ki nan seri a: Lespri re-oryante nan Kris la, genyen objektif pou gide
kwayan idantifye kèk aspè peche ki kapab prezan nan fason li panse ak fason ke mond ki
antoure li a panse, pou li kapab abandone yo epi aprann panse kòm Kris la. Chak leson
prezante yon nouvo opòtinite pou ke Bondye kontinye travay ak transfòme lespri, afeksyon
ak kalite lavi disip Kris la, pa mwayen etid ansèyman Biblik, egzanp ak anekdòt, egzèsis
otoevalyasyon, refleksyon, pran desizyon ak etablisman nouvo plan pou kwasans espirityèl.
Se bi priyè mwen pou ke leson sa See de manm legliz nou yo konprann ak viv estil lavi
sen Sovè JeziKris nou an piplis.

Niveau C du Plan de Formation de Disciples ABCDE


Télécharger
FichierAction
Lespri Re-Oryante Nan Kris La.pdfTélécharger